Vanessa Paul 0

Petisyon Inivèsitè Ayisyen pou Kandida Jacky Lumarque

1113 signers. Add your name now!
Vanessa Paul 0 Comments
1113 signers. Almost there! Add your voice!
95%
Maxine K. signed just now
Adam B. signed just now

Lè nou gade sa Dekrè elektoral 2 mas 2015 la mande, nan jou ki te 18 me 2015 lan, Kandida Jacky Lumarque, te depoze tout pyès li yo ansanm ak Sètifika Dechaj Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif (an franse, Cour Supérieur des Comptes et du Contentieux Admnistratif) la remèt li pou tan li te fè ap dirije Enstiti Nasyonal pou Fòmasyon Profesyonèl, soti 1987 pou rive 1989, ki se sèl peryòd kote Jacky Lumarque t’ap jere yon pati nan Lajan Leta,

Lè nou gade deklarasyon Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal la te fè, kote li te dakò Jacky Lumarque pa t’ odonatè ni kontab denye piblik, kidonk li pa t’ genyen pyès responsabilite nan sa ki konsène Atik 90-H Dekrè Elektoral la, kòm Kòdonatè Gwoup Travay sou Edikasyon ak Fòmasyon epi kòm manm Komite Nasyonal Wout Esklav,

Lè nou gade lis Konsèy Elektoral Provizwa a fè soti nan dat 12 jen 2015, yon lis li te prezante tankou dènye lis sou kesyon eleksyon prezidan ane sa, kote Jacky Lumarque te karantyèm kandida KEP a aksepte pou patisipe nan eleksyon prezidansyèl 25 oktòb 2015 ak 27 desanm 2015,

Lè nou gade, yon gwoup pati politik mande nan yon lèt pou retire kandidati Jacky Lumarque pou menm rezon BCEN, BCED ak KEP a li menm admèt ki pa fonde,

Nou pa ka konprann e nou refize aksepte desizyon KEP a pran, 19 jen ki sot pase a, pou l’ retire kandida Jacky Lumarque nan lis moun ki prale nan eleksyon yo, yon desizyon nou kwè ki pa respekte lalwa daprè tout sa nou sot di la yo,

Nou menm inivèsitè ayisyen, ap mande KEP a pou li retounen sou desizyon abitrè sa kont Mesye Jacky Lumarque, pou li ka patisipe kòm sa dwa nan kous elektoral la.

Share for Success

Comment

1113

Signatures