jeudi 7 avril 2011

Gouvènman sa pwal genyen pou fè fas ak serye pwoblem.

12 janvye 2010 mete Ayiti a 120 tan reta plis 200 zan kriz politik yo ki fè
peyi a kapab bezwen 5 syèk ankò pou anfen repare. Koze ki pa fasil. Rezilta yo pibliye. Ayiti genyen yon nouvo chèf leta. Nan yon jounal yo rele "HOY" Dominiken yo eksprime enkyetid yo fas ak rekonstriksyon sosyete Ayisyen an. Gouvènman sa pwal genyen pou fè fas ak serye pwoblem. Pami yo rekonstriksyon peyi a, ensekirite, ak asire bon jan kondisyon travay. Sa se chwa pèp la, se desizyon li pou li dirije pa moun li vle. Se devwa premye tèt nasyon an pou respekte ak fè respekte lwa sosyete a. Ayiti jan refren an te ape di li a mouri pa leve men sanble se nan koma li te ye. Souf li bat menm si tou piti. Se wòl chak grenn sitwayen pou pote api yo pou yon komite ak dwa. Pyès moun pa ta dwe nye an 2011 lan responsablite yo pou kontribye nan devlopman yon lòt estil vi. Lapolis pou asire bon jan sekirite, palmantè yo nan vote lwa ak prensip kòrèk, klas boujwa a pare pou ou envesti epi prezidans lan nan chache akò ki nan avantay chak grenn moun nan yon fason ou yon lòt ki genyen kòd lonbrik yo mare ak Ayiti. Prezidan an yon fwa eli tounen dirijan tout Ayisyen. Ke se te chwa ou ou pa yon lòt bagay la se fè Ayiti tounen sa nou reve a. Se pa yon rèv. Devlopman se volonte ak kontribisyon tout sitwayen nan vi kouran an. Fè tèt ou tounen yon zouti pou chanyman

1 commentaire:

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.